WOW !! MUCH LOVE ! SO WORLD PEACE !
Fond bitcoin pour l'amélioration du site: 1memzGeKS7CB3ECNkzSn2qHwxU6NZoJ8o
  Dogecoin (tips/pourboires): DCLoo9Dd4qECqpMLurdgGnaoqbftj16Nvp


Home | Publier un mémoire | Une page au hasard

 > 

Formation de la personnalité des enfants de la rue à  Port-au-Prince

( Télécharger le fichier original )
par Dieuveut GAITY
Université d'Etat d'Haiti - Licence en Psychologie (Bachelor Degree) 2009
  

précédent sommaire suivant

Bitcoin is a swarm of cyber hornets serving the goddess of wisdom, feeding on the fire of truth, exponentially growing ever smarter, faster, and stronger behind a wall of encrypted energy

ANNEXE- I 

Griy pou antretyen ak timoun yo

Premye pati : Kondisyon lavi

I- Kondisyon ekonomik

1. Kisa ou fè pou viv ?

2. Konbyen kòb sa ka rapòte w chak jou konsa ?

3. Kijan ou fè pou jwenn manje?

4. Chak kilè ou manje nan yon jou ?

5. Kote ou jwenn rad pou w mete ?

6. Eske ou konn dwe moun ?

7. Eske moun konn dwe w?

8. Kisa ou konn fè ak lajan w?

II- Kondisyon anviwonmantal

9. Ki kote ou domi ? Eske ou toujou dòmi menm kote a ?

10. Ki kote ou travay, pou jwenn lajan ?

11. Ki kote ou fè aktivite ki ede w distrè kò w ? ki kote ou jwe ?

12. Ki kote ou manje ?

13. Eske ou konn fè bagay ak tifi/ tigason? Kibò? Chak kilè? Lè nap fè bagay, eske nou pa pran prekosyon? Eske nou fè sa pou kòb?

III- Kondisyon politik

14. Eske pwoblèm ki konn gen nan peyi a konn nwi aktivite ou?

15. Kisa ou konn fè le gen pwoblem nan lari a?

16. Eske gen moun politik ki konn kontakte ou?

IV- Kondisyon sikososyal

17. Kisa ou renmen fè pou w pran plezi? Chak kilè ? Ou menm sèl ou byen tout gwoup la ?

18. Eske sa bay lajan ?

19. Eske ou konn jwe ?

20. Eske ou gen kontak fanmi ou ? manman w ak papa w ?

21. Eske ou gen frè ak sè? Kisa yo ap fè?

22. Eske ou ale legliz ?

23. Eske ou ale lekòl ?

24. Eske gen moun ki konn ede ou ?

25. yo arete w deja? ou te ale nan prizon?

26. Eske ou konn gade televizyon? Koute radyo?

27. Eske ou konn sa yon odinatè ye?

28. Eske ou te ale lekòl yon jou ? ou kontinye ale ? ki kote ? nan ki klas ou rive ? kijan ou te fè ale lekòl la ?

29. Eske ou gen gwoup zanmi ?

30. Ou avek yo toutan?

31. Eske gwoup sa gen yon moun kap dirije l?

32. Kisa ou fè nan gwoup la?

33. Eske gen bagay ou dwe fè ? eske gen bagay ou pa dwe fè nan gwoup la ?

34. Eske nan gwoup la fanm ak gason fè menm bagay ?

35. Eske konn gen pwoblèm nan gwoup la ? ki pwoblem konsa?

36. Eske ou konn gen pwoblèm ak lòt moun deyò?

37. Eske w konn gen pwoblèm ak lòt moun nan gwoup ou a?

38. Eske gen kèk zòn ou pa ka ale?

39. Eske gwoup ou a konn gen pwoblèm ak lot gwoup?

40. Eske pwoblèm sa yo konn toujou rezoud?

41. Kilè ou te fè premye goumen w? Sa ki te fè sa ?

42. Kisa ou te itilize nan goumen sa ?

43. Kilè ou te fè dènye goumen w ? sa ki te fè sa ?

44. Kisa ou te itilize nan goumen sa ?

45. Si ou pral fè yon goumen tale konsa, kisa ou tap itilize ?

Dezyem pati : Pèsonalite

I- Afektivite

a) Pati sou Idantite

1. Ki moun ou konnen ou ye? Kijan ou panse lòt moun yo wè w ?

2. Kisa ou panse de fason moun yo wè w la?

3. Eske ou fyè? Ou byen ou wont de moun ou ye a ?

4. kisa ou pi renmen nan wou ?

5. ki bagay ou ta renmen chanje nan wou ?

b) Pati sou Motivasyon

6. Kisa ki fè w vini nan lari an

7. Kisa ki fè ou anvi travay ? kisa ki fè ou anvi viv ?

8. Eske se bezwen ou yo ? ou byen yon chanjman lavi ?

9. Eske ou gen moun sou kont ou pou okipe ?

c) Pati sou Emosyon

10. Kisa ki konn fè kèw kontan ? sa rive w souvan? Raman/ pafwa? Sa pa janm rivew?

11. Kisa ki konn fè w fache?

12. Kisa ki konn fè ou pè?

13. Kisa ki konn fè ou kriye ?

14. Kisa ki konn fè w mal?

précédent sommaire suivant






Bitcoin is a swarm of cyber hornets serving the goddess of wisdom, feeding on the fire of truth, exponentially growing ever smarter, faster, and stronger behind a wall of encrypted energy








"Je ne pense pas qu'un écrivain puisse avoir de profondes assises s'il n'a pas ressenti avec amertume les injustices de la société ou il vit"   Thomas Lanier dit Tennessie Williams