WOW !! MUCH LOVE ! SO WORLD PEACE !
Fond bitcoin pour l'amélioration du site: 1memzGeKS7CB3ECNkzSn2qHwxU6NZoJ8o
  Dogecoin (tips/pourboires): DCLoo9Dd4qECqpMLurdgGnaoqbftj16Nvp


Home | Publier un mémoire | Une page au hasard

 > 

Médias et opinion publique : la représentation des étudiants de la faculté des sciences humaines de la radio zénith par rapport au rôle qu’elle a joué dans le mouvement pays lock de septembre à décembre 2019


par Israël Jeune
Université d'Etat d'Haïti - Licence 2022
  

précédent sommaire

Bitcoin is a swarm of cyber hornets serving the goddess of wisdom, feeding on the fire of truth, exponentially growing ever smarter, faster, and stronger behind a wall of encrypted energy

ANNEXE

II

Présentation de l'enquêté 01

Sexe : F

Tranche d'âge : 20-25 ans

Commune : Port-au-Prince

Département d'études : Communication sociale

Niveau : III

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous vécu ?

Mwen an premye lye mwen te konprann fenomèn peyi lòk tankou yon mouvman de protestation popilè kòmsi pou yo denonse yon bagay ki p ap mache nan sosyete a. Men aprè trè vit m vin konprann sa, li vin pran yon lòt fòm ki se yon revandikasyon politik ki gen men kache dèyè l. Se sa yo fè nan mouvman sa, yo fè manipilasyon, yo fè pwopagann pou montre peyi a lok vrèman vre, pa gen okenn issu pou w soti.

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ? Sou telefòn, rezo sosyo.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

Wi, m te konn tande radyo Zenith pou m te ka rete enfòme de lari a, de sa k ap di.

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

Mwen konn tande l souvan menm pa twò konn rete paske radyo mwen renmen tande se Radyo Metropole paske l detay tout ti detay yo ba ou

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Si m ap pale de enplikasyon, se radyo Zenith li menm ki te koz la. Li pa t enplike ladan l ditou. Okontrè se li menm mwen wè ki te enplike lòt moun pou peyi lòk la te gen tout sans li. Jan lòt medya yo te konn ap fè nou kwè a, yo fè nou kwè peyi a ap byen mache, pa gen okenn pwoblèm, pa gen anyen, pèp la ap byen viv kòmkwa pou n parèt bèl nan zye yo epi radyo Zenith li vini l ap

III

demaske sa ba ou. Vrèman vre le li ba ou yon nouvèl, m pa konnen a ki fen li fè l, byenke m wè se ak yon fen de manipilasyon, wè si l fè l, lè w al fouye vrèman ou wè enfòmasyon sa te egziste vrèman se kache yo te kache l oubyen yo te jis makiye l.

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi ?

Wi. Li te koze la peur, pou mwen menm paske depi w tande radyo Zenith w ap pè soti. W ap pè rive menm devan pòt lakay ou, se premye efè. 2e efè sèke yo te eseye fè yon soulèvman jeneral

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

Politikman oryante, m kapab di. Yo mete strateji an plas kote y ap denonse pouvwa an plas la pou yo montre w yo menm yo ka fè mieux.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours du pays lock ? Comment ?

Wi ! Mwen m pa t konn tande l ditou. Tout kote w pase se radyo Zenith sèlman w t ap tande.

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire ? si oui, comment ?

Wi. Le w fin tande yon sijè ou al eseye chèche. Lè w jwenn yon lòt kamarad w ap di eske w tande bagay yo tèl jan tèl jan kounya la diskisyon komanse. W ap toujou jwenn moun k ap pou k ap kont, k ap di w vwala se pwopagann, la se strateji y ap mete an plas. Konsa tou w ap jwenn yon lòt ki pizoumwen nayif k ap di tout sa yo di yo se reyèl.

IV

Présentation de l'enquêté 02

Sexe : M

Tranche d'âge : 30-35 ans

Commune : Carrefour

Département d'études : Communication sociale

Niveau : III

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous vécu ?

Bon, m konprann li sou aspè sosyal, politik epi ekonomik. Peyi lòk la te gen yon aspè sosyal sèke gen yon seri de gwoup ki konsyantize yo de reyalite. ..alò. .yo pa t ke politik yo. Lè m di politik yo m pa sèlman wè gouvènman m wè tout klas politik lan, mete peyi a epi parapò avèk priz de konsyans sa yo vin komsi m ta di pote yon kontribisyon d'une manière ou d'une autre swa nan rete lakay yo paske peyi lòk la tou li te gen aspè tou ke moun yo rete lakay yo malgre tou. Li te vin gen aspè tou medya yo ki se des entités nan sosyete an te arive konsyantize moun yo pou yo te kapab antre nan pèspektiv yo a rete lakay yo. Donk, yo menm tou. . Sa se aspè sosyal la. .Oke la, medya yo, m pa di Zenith sèlman mwen. . alò kòm nou menm nou santre n sou Zenith sèlman ki se te pilye yo, nou te kapab enimere paske mwen menm m tande plizyè, m te kapab di Zenith, te gen Mega, te gen Ibo plizoumwen, te gen Kiskeya, eu eu eu, omwen sa yo men Zenith lan li menm se li ki te pilye a. Donk yo arive comme média de proximité, yo te arive konsyantize moun yo pou yo antre nan lojik de lit kont politik yo, oke. Sa se te aspè sosyal la.

Aspè politik, se yon gwoup politik ayisyen ki jwe de tout sa politik gouvenmantal la e konsò fè, yo arive jwe sou popilasyon an pou antre nan dinamik yo a ki se te kanpe anfas leta santral la paske tou senpleman leta santral la pa pote kichòy pou yo. Donk se yon aspè politik.

Aspè ekonomik sèke ekonomik yo, yo non sèlman pou enterè pèsonèl yo yo sipòte leta a epi yo monte pri yo, kreye rate nan pwodwi paske nan epòk la menm dlo, mwen menm m ap pale en connaissance de cause. Menm dlo m pa t ka jwenn pou m achte pou m bwè. Wè sa m di w la, oke. Bon, san nou pa pale pwoblèm gaz ki te nòmal pwiske pat genyen pasaj se nòmal t ap toujou gen pwoblèm gaz epi pwodwi te vin gen yon cherté nan bagay moun yo ap achte. Nèg yo vin kreye pwoblèm ekonomik sa epi yo itilize medya pa yo tou. Tankou m pa janm bliye Bob C se yonn nan

V

eleman alepòk ki te favorab avèk leta a lè l di ke se peyi lòk ki koz 2 chasè dlo vin vann pou yon dola sepandan li te 3 pou yon dola avan. Savledi ou wè kelke pa sektè ekonomik lan ki te toujou pa janm pran pozisyon epi finanse leta santral la nan fòm de lit yo t ap mennen pou retounen leta santral la nan kontwol peyi a, yo te itilize osterite, monte pri pwodwi yo pou yo te kapab fè presyon sou popilasyon an. Majorite moun nan popilasyon ayisyèn lan se moun ki ap viv au jour le jour. Certainement, yo pa t ap kapab sipòte sa e plis ke sa.

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ? Bon, medya tradisyonèl : televizyon, radyo. Se te yo menm ki te pi aksesib tou.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

Egzateman, paske nan priz de pozisyon radyo Zenith te parèt yon medya de proximite, ki te rive jwenn popilasyon an, ki fè resoti deboire popilasyon an. Zenith te plis parèt jan Gramsci te di a, journaliste organique, nan pèspektiv Gramsci an. Journaliste organique, Sa vle di yon jounalis ki li menm ale fè resoti pwoblèm sosyal yo, al chèche sa ki defavorab avèk popilasyon an, fè l resoti, kritike li epi eseye we nan ki mezi yo kapab fè resoti sa k ap favorab ak popilasyon an pou popilasyon an pizoumwen pran responsablite l. Epi bon, men gen Alex Mucchielli lè l ap pale w de sa yo rele communication sociale, m wè medya sa yo te jwe wòl communication sociale yo. M te ka di jounalis sa yo se jounalis ki pral chèche mete an kont sa ki favorab ak sa ki defavorab avèk sosyete li appartenu an. Se sa k fè mwen menm m te plis nan Zenith. Nan tout lòt medya yo, m te plis baze m sou Zenith.

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

Wi, trè souvan. Nan tout medya mwen di w yo, à longueur de journée, Zénith m te plis tande e m te tande medya yo anpil.

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Bon, m pa vle parèt twò patizan non men m te santi medya a Zenith, a l'epoque bien sur, li te yon zouti de mobilisation populaire, de conscientisation, li te yon zouti ki te ale nan sans chanjman reyalite popilasyon ayisyèn lan bezwen pou l kapab gen yon lòt vi. Bien que quelque part tou li te

VI

tou yon zouti ki te nan men politik ki te advèsè pouvwa a, itilize li tou pou l te kapab batay avèk pouvwa a nan pwop enterè yo.

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi ?

Enplikasyon radyo Zenith te gen anpil enpak sou mouvman popile yo. Li te Gen yon enpak de mobilizasyon, d'orientation idéologique, de prise de conscience. Anfèt, popilasyon an avèk sa ke mesye yo t ap fè, jan mesye yo te kenbe popilasyon an an alèt maksimal sa te vin fè ke moun yo a fòs ke y ap tande, paske nou menm nou fè kominikasyon, nou konnen enfliyans medyatik yo yo gen anpil enpak sou moun yo. Non sèlman sa a yo te vin devlope yon haine enragee nan tèt tout moun kont pouvwa an plas la. Sa vle di en termes d'impact, mobilizasyon se te yon reyisit pou medya a. Bon kounya pou aspè negatif lan, sèke kelke pa, politik yo te itilize sa kòm zouti yo pou yo batay finalman nou wè se pou enterè pa yo.

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

Wi, politikman oryante. Konsèp pwopagann lan li fò anpil. Si nou ap gade kòm senbòl, paske konsèp pwopagann lan li gen yon aspè senbolik, wi Zenith te fè pwopagann. Pwopagann pou opozisyon an montrant que se opozisyon an ki gen solisyon altènativ la. Pandan ke yo montre anba anba se pèp la se li menm ki gen mo a. Pèp la gen mo a men se opozisyon an ki sanse zouti a. Sa se te jisteman yon pwopagann politik ki te gen yon pòte ideyolojik.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours du pays lock ? Comment ?

Te très augmenté paske bon, kòm nou konnen sitou nan kou communication sonore ekout medya a gen yon enpak sou medya a nan tout aspè, aspè ekonomik, vizibilite medya tou sa .Men Zenith, Mwen menm mwen fè eksperyans lan lakay mwen nou konn prèske gen 2 radyo k ap tande Zenith. M konn andan an lakay mwen mwen sou Zenith epi manman m ap tande Zenith tou. Sa vle di pou m montre w lakay mwen sèlman. A l'époque m t ap viv avèk plizyè vwazin m konn santi pi devan swa yo mande ki sa k t ap di lè w di yo yon bagay y al branche tou. Monchè nan katye mwen sitou

VII

le soir, gen yon epòk te vin rive mèt Morin ki te sanse senbòl Zenith à l'époque misye se te plis le soir li te fè emisyon.

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire? si oui, comment ?

Kontni yo te vrèman suscité débat. Jeneralman gen yon seri kategori sosyal ki konn pa twò enplike yo nan politik. Mwen menm m kapab di w, mwen menm mwen gen marenn mwen , moun ki emèje, moun ki pa boujwa men ki pizoumwen pozisyone yo. Dèfwa m rele l nan telefòn, jan ke nou konn fè ti echanj sou reyalite a à l'aide de sa medya yo di, pozisyon moun yo genyen. M ap gade gen yon seri de gwoup de jèn nan sosyete a se jèn ki parèt bredjenn. Gen yon ti patnè m konnen misye se yon rapè. Lè m pale w de rapè an Ayiti ou ka fè yon ide, se yon seri de ti jèn sa ki entèrese yo se mizik se pa fòseman tande medya epi fè deba politik etc. Se swa pale de fanm, pale de rad, pale de bagay sa yo. Mwen konn kanpe ap fè deba ak ti mesye sa yo an fonksyon de radyo Zenith. M pa sèlman wè kategorizasyon an tèm de tranch d'âge mwen wè li sou plizyè aspè. Tranch d'âge se yon fòm kategorizasyon mwen wè l tou an tèm de sektè d'activité. Marenn mwen, dabitid, d'experience, depi m piti m konnen l se pa moun ki konn two ouvri pou l ap fè deba politik avèk mwen. M konn menm nan peryòd elektoral, moun sa yo, yo konn chita lakay yo, yo pa al nan bagay konsa. Wè sa m di w la, se pou m montre w se pa vrèman moun ki gen de enterè avèk politik peyi a, gouvènans etc. Mwen wè sitou nan peryod la konn gen dèfwa m rele li, pou m mande l kòman l ye, koman zòn li ye, ou wè moun lan plis ouvri avèk deba politik. Sa vle di pou m montre w, medya yo te gen yon enpak kote ke sa ki te vin ap fèt la vin pote yon seri de moun ki dabitid ki pa t konn entèrese twòp avèk sa yo vin entèrese avèk yo kòm deba e menm dèfwa ap kritike ke medya yo, y ap ensite moun.

Présentation de l'enquêté 03

Sexe : M

Tranche d'âge : 30-35 ans

Commune : Carrefour

Département d'études : Communication sociale

Niveau : III

VIII

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous vécu ?

Se te yon peryòd ki ekstrememan difisil, difisil pou mwen sitou. Mwen se anseyan. M pa bezwen di w jan l te deranje m mwen menm.

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ? Radyo avèk tele paske m raple m nan moman sa te gen kouran.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

Bon, se te radyo m te tande menm. Eske te gen yon rezon vrèman ? Bon wi, m t ap fè enfòmasyon.

M te renmen sitou 2 emisyon sèlman, Zenith aktyalite avek Chita tande a

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ? Mwen te konn tande l chak jou.

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Jan sitiyasyon an vin ye a sa vin pèmèt m konprann yon grenn bagay ke se yon seri moun ki t ap goumen men se pa pou pèp y ap fè men se yon goumen pou pòs y ap fè. Tout moun se enterè pa yo, yo t ap chèche. Yon fason oubyen yon lòt se pwòp enterè pa yo. Paske pa gen enterè pèp men se enterè pòch ki genyen.

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi ?

Wi, kareman. Se yo ki te fè l pran. Se yo ki te kenbe l tou

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

Ah, les deux.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours du pays lock ? Comment ?

IX

Oh oui, sa pa gen manti ladan l. Se te radyo ki te pi tande.

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire? si oui, comment ?

Wi, nan yon fason ou yon lòt li te pwovoke deba kan menm nan sosyete a. Yon fason ou yon lòt. Paske si w ap kritike kan advès la kan menm ap gen deba.

Présentation de l'enquêté 04

Sexe : M

Tranche d'âge : 25-30 ans

Commune : Carrefour

Département d'études : Communication sociale

Niveau : III

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous vécu ?

Bon m panse se te yon batay ant 2 chapèl politik. Jodia la m pa kwè ka gen yon batay politik san opinyon piblik. Pou w gen opinion piblik jodia la fòk ou pase pa medya yo

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ? Mwen menm se te plis entènèt. Si w t ap mete yon abagy pou radyo se rarement li t ap ye.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Zenith an tan ke medya li te gen yon pozisyon e l t ap defann li. Nou rekonèt medya yo kapab gen pozisyon. Petèt kòm mwen menm m pa t vrèman swiv yo a 100% men gen moun ki te kritike yo le fait que pafwa gen enfòmasyon yo konn bay, moun yo di ke se pa souvan veridik men la ankò gen pwoblèm paske sa ka rive enfòmasyon yo, bagay yo pa statik, sa ka rive enfòmasyon yo evolye. Donk sa vle di yon bagay ki te vrè 5 minit avan, 5 minit aprè li gen

X

dwa pa vrè. M panse Zenith se te m ta ka di organe ideologique opozisyon an pandan peryod sa.

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi ?

Wi, wi/ Paske anpil... batay yo pou te fèt, pou te kenbe moun yo mobilize jan m te di l la se yon batay pou opinyon piblik la sa vle di pou w fè travay sa ou bezwen medya. Zenith se te radyo ki t ap fè travay sa.

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

M panse les deux. M déjà di w se te organe ideologique mouvman ki t ap fèt la e yo menm pwiske yo pa t neutre ki fè politikman yo te oryante. Yo te oryante kelkeswa nan analiz y ap fè yo. Pou fè yo m pa ka di wi ou pa yo pa t kòrèk men nan emisyon sitou emisyon analiz yo... Bon gen de kote menm ou mande tèt ou si nèg yo se jounalism yo t ap fè. Manipilasyon, wi, te gen sa paske gen pwopo lidè opinyon yo te konn ap lanse jis pou fòse moun yo pou moun yo pran lari pou yo bloke.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours du pays lock ? Comment ?

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire ? si oui, comment ?

M panse sa wi. Non sèlman te gen deba men tou m panse Zenith tou sa vin fè akoz de pozisyon li te genyen an , a koz de kontni li te konn ap difize yo, jodia se yon radyo m ta ka di kredibilite l peye sa nan sans ke, pandan peryòd sa li te gen anpil ekout men ekout sa yo pa t toujou de moun ki la pou pataje mesaj yo nan sans yo bay yo a men gen de moun ki te resevwa yo nan sans yo te fè de kritik, de analiz. Donk, m panse yo te très écouté epi tou yo te trè kritike an menm tan. Donk, m panse te gen anpil deba ki fèt sou Zenith nan tout sa yo gen deba tou ki fèt sou kontni yo t ap difize pandan peryod sa.

XI

Présentation de l'enquêté 05

Sexe : M

Tranche d'âge : 30-35 ans

Commune : Carrefour

Département d'études : Communication sociale

Niveau : III

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous vécu ?

Peyi lòk la se yon ansanm mouvman popilè ki te anvayi prèske tout peyi a ak yon ansanm revandikasyon ke pèp la te genyen. Nan sans sa a te gen yon fenomèn ki rele peyi lòk ke moun yo te antreprann. Peyi lòk la li te konsiste a bloke wout, boule kawotchou, bagay yo pa t fonksyone, pa t gen anyen ki fonksyone prèske tout peyi a te fèmen. Se sa ki te peyi lòk la. Se yon fomt de revandikasyon li te ye, pwotestasyon pou m byen di. Bon, kòm tout moun k ap viv nan peyi a, kòm tout sitwayen, tout moun k ap viv an Ayiti, fenomèn peyi lòk la se te yon bagay ki te pote domaj ak tout moun paske kanmenm d'une facon ou d'une autre ou te oblije touche paske moun pa t ka sòti, ou pa t ka sikile, ou pa t ka fè kote w vle nan peyi a. Menmsi w te gen yon ijans, ou pa t ka deplase vre. Kanmenm li te pote prejidis. Te gen anpil domaj. Mwen menm pèsonèlman sa te frape m anpil paske blòk kote m te ye a te vrèman fèmen. Mwen menm mwen abite kafou pa t gen okenn mwayen pou m te rive lavil. Sa te fè m mal anpil.

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ? Radyo epi entènèt.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

Pratikman chak jou. Mwen rete konekte ak radyo chak jou

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

XII

Sa se enkontestab ke radyo Zenith m ta ka di se yonn nan radyo ki te jwe yon wòl vrèman fondamantal, preponderant, nan fenomèn peyi lòk la paske kanmenm se te radyo ki te kenbe flanbo a kòmsi ki te preske 24h dantèn lan li te rezève l ak sa k ap pase nan lari a. Savledi preske tout moun ki te bezwen konnen jan lari a ye ou te oblije tande radyo Zenith paske se radyo ki te enpoze tèt li. M panse se te yon fenomèn. Radyo Zenith lan, pou mwen se te yon fenomèn pandan peyi lòk lan. Si n ap rele peyi lòk la yon fenomèn men radio Zenith lan peyi lòk la te vin fè radyo Zenith te tounen yon fenomèn

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

Wi, wi, wi, m panse sa menmsi m pa gen chif, m pa gen ase done nan men m pou m ta ka ba w vu que parapò ak tèl done, tèl done men si n ap gade de manière, m pa konnen, pa syantifik paske m pa genyen chif, men à l'oeil nu ou te wè ke moun yo te tande radyo sa anpil. Preske tout kote w ap panse ou tande moun se radyo Zenith y ap tande. D'une façon ou d'une autre li te oblije enplike paske nou konn wòl medya yo, kijan medya yo ka enfliyanse konpòtman moun sa vle di tout moun, pou w te soti la ou te oblije tande sa radyo Zenith t ap di. Pou te soti kafou pou rive lavil fòk ou te konn sa radyo Zenith di de lari a eske ou ka ale ou pa. D'une façon ou d'une autre li te vrèman enfliyanse peyi lòk la.

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

Wi, m panse ke kòm de nos jours, nou pa vrèman pale de objektivite nan domèn medya non, nou plis pale de onètete paske moun natirèlman sibjektif. Menm jounalis yo tou menmsi y ap bay nouvèl la nou pa ka mande yo pou yo objektif. Yo oblije onèt nan sa y ap di a men yo pa objektif pou sa menm la ap toujou gen yon pozisyon. Men sèl sa, fòk li pa fè pozisyon l lan pase nan sa l ap di a. Fòk li pa fè pozisyon l lan pase pou verite. Sa vle di jan enfòmasyon an ye a ou sipoze bay li menmsi se pa sa ou ta renmen, bay li. Pou mwen, wi se te yon radyo a l'oeil nu ki te pwòch opozisyon an se yon fason pou m di w kanmenm te gen yon oryantasyon ki te fèt nan enfòmasyon yo. Radyo a te plis panche nan bò opozisyon an. Sa vle di tout enfòmasyon ki t ap sikile yo, yo te plis ale an favè moun opozisyon yo.

8. XIII

Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours
du pays lock ? Comment ?

Evidemment, evidemment. Se sur, evidemment. Si nan epòk la nou t ap chèche 3 radyo ki gen plis ekout an Ayiti, pa gen à sortir de la, nou te oblije pran radyo Zenith,

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de
l'auditoire ? si oui, comment ?

M panse wi, Enfòmasyon yo te pwovoke deba men anplis yo te pwovoke deba tou men yo te ensite moun yo soti tou paske gen anpil moun ou wè ki nan lari a se ensistans medya yo. Gen de moun ki pa t vrèman sansibilize vre, se nan tande radyo Zenith ki fèe yo vin pran konsyans pou yo pran lari a men gen de moun vrèman se pat fenomèn nan an swa ki t ap pase nan mouvman an ki te pèmèt yo soti se enfliyans radio yo, enfliyans medya yo ki te mete yo nan lari

Présentation de l'enquêté 06

Sexe : M

Tranche d'âge : 30-35 ans

Commune : Croix-des-Bouquets

Département d'études : Communication Sociale

Niveau : II

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous

vécu ?

Fenomèn peyi lòk la se yon fenomèn de protestation kote ke pèp la t ap eksprime yon ras-le-bol parapò avèk gouvènans pouvwa an plas la. Moun yo te bloke lari yo pou yo te kapab eksprime sa quoique mouvman an quelque part li te kòmandite par l'opposition. M te viv peryòd la trè difisil paske m pa t al travay epi nèg pa soti epi m pa abitye chita nan kay. Kidonk se yon moman trè difisil

2. XIV

Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ?

Monchè nou te fè nouvèl e sitou sou radyo Zenith paske a l'époque radyo Zenith te gen yon ekout menm lè ou te renmen l ou pa w ap oblije branche l.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

M te tande l paske nan moman an se li menm ki te rete nan lari 24 sou 24, se li pou moun te tande.

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ? Chak jou

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Jijman an klè paske yo pa t fè langue de bois, yo te di ak klè men kote yo kanpe, yo kanpe nan lopozisyon e ke yo pou prezidan an ale. M panse li pa bon kelke pa paske lè w ap fè medya, il est vrai que medya yo pa konn neutre an reyalite toujou gen yon pozisyon men sof ke pozisyon an yo konn eksprime l dèyè lopinyon piblik. Yo konn itilize les moyens plus professionnel pou yo fè l men radyo Zenith te enplike l twòp nan sans sa. Li vin pa t parèt yon medya ki fyab.

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

Te gen anpil efè sou mouvman an. Se tankou se lwil yo t ap voye sou dife a paske se yo menm ki rete ap alimante lari a, parapò kòmsi des slogans, incitation à la violence.

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

Wi, m panse sa. Tankou lè pral gen yon manif te mèt se 2-3 grenn moun ki genyen epi jounalis yo di w gen yon pakèt moun k ap rasanble. Gen defwa konn pa gen dezòd yo di w gen dezòd yon fason pou yo fè w konprann lari a toujou gen menm tansyon an.

8.

XV

Mwen an reyalite m pa vrèman enfòme men si m pran o nivo fanmi m, yo te plis sou radyo ak rezo sosyo pou n te ka enfòme n.

Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours
du pays lock ? Comment ?

Wi, anpil !

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de
l'auditoire ? si oui, comment ?

Pandan peyi lòk la, m pa kwè. Pandan peyi lòk la moun ki te ka konteste kontni Zenith yo, yo pa t anpil e ke yo pa t eseye afwonte aura ke Zenith te genyen nan epòk la men par la suite, li fè deba.

M panse sa. M panse wi paske a lepòk gen moun yo ki pa t gen abitid tande nouvèl ou du moins pale de politik peyi a. Donc, etant donne ke yo pa gen anyen y ap fè pandan yo rete lakay yo y ap tande radyo Zenith tout lasent jounen sa vin suscité des intérêts politiques ou du moins des débats lakay moun yo

Présentation de l'enquêté 07

Sexe : F

Tranche d'âge : 20-25 ans

Commune : Pétion-Ville

Département d'études : Communication sociale

Niveau : II

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous
vécu ?

Te deja gen yon premye lòk aprè 6-7 jiyè a m kwè. Li pa t vrèman kòmsi jere. Sa septanm lan m panse kòmsi menm jan li t ap ye aprè sa moun yo t ap repran aktivite yo. M pa t atann li t ap fè tout tan sa. M te vin yon ti jan chanboule lè m wè tan an ap ale, m pa ka soti. Manman m gen boutik kòmsi nou te konn soti men se a pye n ap fè ale retou yo

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ?

3. XVI

Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

Se pa komsi se mwen ki te branche l. Yo branche l lakay la m ap tande. Wi, m te konn tande radyo Zenith nan moman an.

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

Prèske chak jou paske prèske chak jou yo di gen yon bagay ki pral pase epi tou tout moun ap atann ke paske radio Zenith nan moman an se li ki t ap fè la une. Selon moun yo se li k ap bay vrè sa k ap pase a san enfliyans gouvènmantal la se sa ki fè tout moun te sanse branche l lakay lan. Du coup, si manman m pral soti, anvan l soti yo mande l èske l tande radyo Zenith. Donk chak jou n te branche pou n te ka konn kijan lari a ye anvan n soti.

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Selon mwen menm kòmsi m te wè yo te twò aksantye l, selon mwen menm paske au fur et à mesure m te kòmanse ap pran sans pawòl y ap di yo epi tou pafwa tou m te konn soti avèk manman bien que yo di tel kote bloke epi tou nou soti kanmenm. Pafwa lè w rive kòmsi ou santi ke yo anplifye sitiyasyon an byenke sitiyasyon an déjà alarmant men gen yon jan yo prezante w li menm mouch pa bouje eksetera. Se kòmsi, m pa konn si se paske yo te jwenn yon pwofi nan sa men se kòmsi yo te vle kenbe peyi a nan sitiyasyon li te ye a.

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

Wi, li te gen efe sou mouvman an. Paske, komsi moun ki te nan bagay peyi lòk yo, ki t ap mennen mouvman, se kòmsi yo te vin jwenn yon sot d'appui avèk Zenith kòmsi pou yo te ka paralize moun yo davantaj.

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

M p ap kouri di li te politikman lye non menm ka di li te lye ak propagann lan. Janm fenk sot di w lan bagay lan ka vre epi yo anplifye l. Sa gen efè tou sou moun yo. Pwopagann lan kòmsi li pa fèt de maniere désintéressée.

8. XVII

Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours
du pays lock ? Comment ?

Bien que m pa gen chif menm sur ke l te ogmante paske pandan fenomèn peyi lòk lan m te vin koute radyo Zenith paske mwen menm m pa t konn tande radyo Zenith.

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de
l'auditoire ? si oui, comment ?

Sa klè, se li ki sanse te vin alimante deba moun yo, oryante yo kòmsi moun yo vin revòlte. Se yon revolt pasif paske jan peyi a ye a avèk jan pwopagann lan pase a ou révolte lakay ou men ou pa ka soti, lari a cho, kawoutchou ap boule. Se kòmsi w ap tann Zenith pou l ba w sijè de diskisyon pandan jounen an sitou pa egzanp kote m te ye a prèske chak aprè midi moun yo regroupe yo toujou menm sijè a de sa Zenith te pale a pou yo debat li ansanm

Présentation de l'enquêté 08

Sexe : F

Tranche d'âge : 25-30 ans

Commune : Croix-des-Bouquets

Département d'études : Communication sociale

Niveau : II

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous

vécu ?

M panse peyi lòk la... Bon, m te kapab di moman sa mwen te P-au-P, tout bagay te pratikman bloke, pa t gen aktivite ditou. Donk, se te yon peryòd ki te ase difisil pou majorite moun menm mwen menm tou li te difisil pou m t ap viv, pa t gen lekòl, pa t gen anyen, m panse se yon bagay m te kapab di m ta pral viv pou premye fwa petèt. Mwen asiste ak yon peryòd ki te trè long, plizyè mwa pa t gen anyen ki te ka fonksyone menm lekòl pa t reprann.

XVIII

XIX

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ?

Bon, jeneralman lakay mwen se radyo Zenith yo branche. Nou konn branche Mega tou kèk fwa.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

Wi, pou moman sa m te konn tande l anpil, anpil, anpil. Mwen te konn tande l paske nou pa soti, nou pa konn sa k ap pase nan lari a epi nou panse ak repòtè Zenith mete nan tout ti kwen, tout kote nan peyi a li gen korespondan sa yo te pèmèt nou konnen kisa k ap pase lòt kote e repòtè yo nan lari y ap enfòme kisa ki soti, kisa ki genyen, tout bagay sa yo. M panse pou w te ka konnen omwen si li posib pou aktivite yo reprann.

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

Jeneralman mwen tande emisyon ke yo fè maten paske yo toujou di koman tèl vil leve, koman tèl katye leve pou P-au-P. M al tande l a 2h kote yo konn bay opinyon sou sa k ap pase.

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Premyèman m ap di ke Zenith t ap fè yon bon travay. Nan yon premye tan, li te mete popilasyon an okouran de tout sa k ap pase. Pafwa tout m konn santi gen eksè nan enfòmasyon yo konn bay. Pafwa anpil fwa yo di moun yo lari a pa bon men se pa nan nivo yo di l la. Menmsi yo toujou gen repòtè yo nan lari, yo toujou ap kominike avèk yo men fason yo te konn ap bay enfòmasyon yo anpil moun te vin pè pran lari.

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

Bon wi, mwen panse sa. Paske yon pati, kèk fwa yo konn di moun yo fòk nou leve kanpe, fòk nou leve kanpe paske Zenith anpil moun te konn tande l nan epòk la, pafwa gen moun k ap manifeste nan lari, y ap di manifestatsyon an ap pase tèl kote. Moun yo leve kanpe. M panse yo te enplike kanmenm

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

Bon wi paske gen anpil enfòmasyon yo te konn ap bay popilasyon an, se yon seri enfòmasyon ki pou konvenk popilasyon an pou yo kont gouvènman an. Pou yo wè tout sa gouvènman an plas la ap fè li pa bon pou pèp la. Se sa yo te vle fè pèp la kwè. Yo te gen yon kote ke yo kanpe, yo te pa egzanp... se kòmsi yo pa t prezante nou yon lidè ki te kapab bon pou popilasyon an men yo te tou kareman di nou ke gouvènman an li pa bon. Li te soutni moun militan yo. Lè pa egzanp yo nan yon emisyon y ap pale ak yon militan, y ap mande l ki kote l ye,, poukisa l ap batay, anfèt pa t gen twòp eka pou sa yo te vle goumen an. Militan yo se moun k ap goumen kont gouvènman anplas la, radyo Zenith tou l ap montre sa gouvènman an ap fè ki pa bon. Se san se menm bagay yo.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours du pays lock ? Comment ?

Wi, li te ogmante paske m kapab di menm zòn an pwovens yo, m ap gade, si m ap pran zòn ki pi rekile yo tankou nan peyi m, Anse-Rouge, zòn sa yo moun yo prèske konn tout non moun k ap travay nan radyo Zenith, moun ki fè emisyon yo. Donk, si li rive jiske la mwen panse gen yon bagay ki fèt kan menm.

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire ? si oui, comment ?

Petèt li te kapab paske yon kote, m panse avèk radyo Zenith ki te sanse disponib nan moman an ki t ap bay enfòmasyon, ki pa t abasan pandan jounen yo, ki t ap fè yon seri refleksyon ke moun yo pa t konn tande jan de refleksyon sa yo, pa konn bagay sa yo k ap pase a. La m panse gen deba ki fèt. Lè moun yo rele y ap di kijan yo ta renmen, opinyon moun yo y ap mande yo, m panse sa kanmenm li la pou l pwovoke l.

XX

Présentation de l'enquêté 09

Sexe : M

Tranche d'âge : 20-25

Commune : Tabarre

Département d'études : Communication Sociale

Niveau : II

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous vécu ?

Bon, fenomèn peyi lòk la, fò n ditou mwen menm pèsonèlman se yon bagay ki te rive sou mwen un peu brusque paske... n ap pale bien entendu de peyi lòk ki sot genyen dènyèman la. Mwen menm Kòman m wè l ? M wè l se tankou yon konfli d'intérêt ki te genyen antre nèg yo. Chak nèg ta vle defann pati pa yo ki vin debouche sou yon blokaj e au final pa gen pyès amelyorasyon ki fèt. Pou mwen se tankou yon rupture activite ki te genyen ki pa pòte anyen vre ki plis fè nou fè bak e k ap genyen des repercussions graves. Peut-être nou poko ka wè l kounya men ap gen des repercussions graves sou etudiant, profesyonèl, sou antrepriz, sou endistri, sou yon ansanm aktivite ke peyi a te ka konte sou yo, ki te ka pèmèt peyi a avanse. Pou mwen, mwen wè l kòm yon bak nou fè e ke n ap peye trè chè a l'avenir

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ?

Pou kominikasyon mwen menm pèsonèlman li te vrèman difisil pou mwen paske pa t gen kouran. Te gen yon sèl mesye nan zòn lan ki te konn chaje telefòn e pou w chaje telefòn se liy pou w pran. Donk, li te vrèman difisil pou mwen pou m te kominike avèk fanmi m e fò m ta leve bonè pou m mete telefòn mwen chaje. Ou fin fe appel la fò w kouri fèmen. Ou pa tèlman rete sou entènèt pou telefòn ou pa dichaj pou omwen pou w te ka wè koman ou te ka kominike paske te gen yon peur, ou pa t janm konnen ak kisa sa te ka debouche paske tout nèg ide a se wè koman gen yon ti debouche pou nèg lage ko yo. Sa vle di mwen te fè le nécessaire pou m wè koman m te kapab jere ti pousantaj chaj epi we koman m te kapab kominike mwens men fè moun yo konnen nou la toujou , nou egziste, vwala.

3.

XXI

Egzateman, egzateman ! M ka di se yonn nan katalizè mouvman an dans le sens ke li inciter des jeunes a kanpe dèyè barikad paske gen de ti gwoup jèn ki te konn chita nan zòn bò lakay

Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ? Egzateman, oui. Bon, se te la une kan menm.

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

Bon, mwen menm pèsonèlman, se pa t mwen menm ki te ouvri radyo Zenith la paske à l'époque involontairement w ap tande l kanmenm paske tout kote depi moun lan gen yon ti pano solaire la li mete telefòn li nan solèy otomatikman ou tande Zénith à longueur de journée. Pou mwen menm, Zénith leve m, Zenith di m bonne nuit, Zenith di m bonjour. Sa vle di m yte vin rive yon moman Zenith te vin antouka fristre m, te vin plis strese m paske m tèlman tande l, m tande l, m tande l, m tande l nan zòrèy mwen finalman ou di kèt se la fin, c'est perdu, on est tous foutu. Donk, se konsa m te konprann li.

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Bon, enplikasyon m te we mwen menm pèsonèlman antan ke aspiran kominikatè, jeune universitaire, m panse ke radio Zenith à l'époque te vrèman debòde nan travay yo ta gen pou yo te fè, li te plis yon enterè pèsonèl. Donk, mwen pat wè l yon enterè nasyon. Paske bon, se yon apròch pèsonèl, mwen te wè nèg yo fè plis mal ke byen paske nèg yo te kreye yon tansyon lakay popilasyon an, stress, yon peur e inciter des gens à faire des violences ou konprann mwen. Gen anpil bagay ki di tou nan radio ki petèt pa t 100% verite paske mwen bien entendu mwen te gen pou m soti pou m al fè yon ti ravitailler nèg yo di m bò lakay mwen bloke , nèg yo di m barikad kanpe aloske mwen menm m sur place. Nan zòn nèg yo ap di bagay yo kanpe a m pa wè twòp bagay, se 2 grenn kawoutchou k ap boule, jan nèg yo di barikad la rèd la. M panse ke nèg yo te sevi yon okazyon de chute pou popilasyon an e petèt lòk la pa t ap dire tout tan sa men nèg yo te pwovoke e alonje lòk la pou mwen menm.

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

XXII

se domino yo te konn jwe, nèg yo lè yo tande entèl leve kanpe, entèl leve kanpe ou wè 2 grenn nèg la pran 2 grenn kawoutchou le sa sa w tande a yon goup ki fòme nèg yo chak maten bloke lari. Gen nèg ki vin sèvi ak sa tou kòm mwayen ekonomik yo. Vin fè ke bloke lari epi yon fason ou peye la ou pase, ou pa peye la ou pa pase. Nèg yo antanke medya ki ta sipoze gen yon ekilib, ta sipoze vrèman sèvi pou pote yon enfòmasyon paske enfòmasyon an se pou ede pèp la pran yon desizyon. Kounya si l bay enfòmasyon an se pou rann popilasyon an peur, vin rann inciter des gens à la violence , m panse la antan ke medya m panse li vrèman depase les bornes.

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

M panse sa, m panse sa paske an grande partie se te pwopagann. M dakò tou li te kapab fè pati opozan kont gouvènman men nan nivo ke nèg yo te opere a li te ale à l'extrême paske nòmalman yon medya pa gen dwa ap inciter à la violence. Li klè, ou ka toujou gen yon pozisyon kontrè avèk gouvènman pandan setan ou respekte les normes et les principes. N ap fè des analyses politiques ki aksantye sou des faits. Donks, n ap oblije analize selon sa nou genyen kòm bagaj entelektyèl.. Donk, nou pa gen dwa ap pouse des gens à la violence, k ap kraze bagay. O, depi y ap pase mete dife. Non ! M panse sa yo pa t yon bon egzanp ditou. M panse ke se des propagandes pures et simple.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours du pays lock ? Comment ?

Wi egzateman, li te monte. Li te monte paske menm pou mwen menm ki petèt t ap fè yon analiz kritik de jan nèg yo t ap fè l nan moman an m te oblije tande pou m te kapab konnen . Byen ou mal, m te ogmante nan ekout la.

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire ? si oui, comment ?

Bon, te gen deba à longueur de journée. Tantôt ou tande moun yo di se byen, se radyo k ap travay pou pèp la, tantôt gen yon lòt pati tou ki wè jan m ap di a la. Donk, sa te pwovoke deba. Depi w wè ti gwoup ap pale se Zénith. Zénith te vin tounen yon slogan tout kote. Gen pou, gen kont men majorite moun yo te wè se pou popilasyon an vre men se yon ti minorite ki te di bon

M te trouve yo menm yo yon ti jan egzajere nan enfòmasyon y ap bay yo, m te trouve key o egzajere, m te trouve ke yo ajoute sou sa k ap di yo

XXIII

ann eseye analize pou n wè koman sa ye e te wè se pwopagann ki t ap fèt. Donk, mwen panse ke sa te susciter des debats kanmenm.

Présentation de l'enquêté 10

Sexe : F

Tranche d'âge : 20-25 ans

Commune : Delmas

Département d'études : Communication sociale

Niveau : II

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous

vécu ?

An reyalite se pa yon bagay m te viv li twò byen men m panse ke peyi an, bon malerezman, peyi an li trouve l nan yon sitiyasyon ke m trouve nwa. M panse ke li pa t yon move bagay ditou paske n ap viv nan yon peyi kote ensekirite a anraje, kote grangou, kote gen tout move bagay epi peyi lòk la m panse se te yon fason a nou menm pou n te montre dirijan nou yo ke nou bouke.

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ? Radyo, televizyon epi rezo sosyal yo. Telefòn mwen

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ? Onètman se pa yon radyo m te konn tande vrèman non.

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ? M pa twò tande l, an reyalite m pa twò tande l.

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

6.

XXIV

Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays
lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

Wi, paske se yonn nan radyo moun yo te tande plis sitou le gen peyi lòk. Yo tande l anpil, anpil. Donk, m panse ke wi yo te gen efè. M ka di ke efè yo te plis negatif ke pozitif paske nòmalman yon radyo k ap bay enfòmasyon ki pa twò vrè m panse ke an kelke sòt li fè piblik k ap tande l lan du tort. M panse ke efè a te vrèman negatif

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la
propagande ? si oui, comment ?

Gen pwopagann, ann di sa, genyen. Jisteman nan di sa ki pa vrè, nan egzajere nouvèl yo, fè konnen bagay yo pi mal ke jan yo ye an.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours
du pays lock ? Comment ?

Wi, M panse tou se nan moman sa radyo sa yo vin tande l plis, nan moman peyi lòk lan. Se nan moman sa yo tande l plis, li vin gen plis odyans.

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de
l'auditoire? si oui, comment ?

Wi, wi. Déjà, radyo Zenith lan se yon veritab deba. Lè w monte nan tout nan tout kamyonèt, nan tout machin se Zénith, Zénith ke anpil moun renmen jan yo bay enfòmasyon. Gen moun ki renmen l menm jan tou gen moun k ap eseye montre ke manke gen verite nan sa y ap di

Présentation de l'enquêté 11

Sexe : M

Tranche d'âge : 25-30 ans

Commune : Port-au-Prince

Département d'études : Communication sociale

Niveau : I

XXV

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous

vécu ?

Tou dabò, janm te viv peyi lòk la, m gen dwa di w se pou premye fwa mwen asiste ak yon tip de mouvman konsa e sitou a Port-au-Prince, paske m soti an provens. Mwen antre Port-au-Prince pour des raisons d'études. Parapò avèk jan mouvman de protestasyon, mwen pa ka soti mwen oblije rete entassé lakay mwen. Sa te banm pwoblèm anpil. Li te banm pwoblèm dans la mesure ou, lè m soti an provens paran m gen yon bagay l ap tann de mwen menm kidonk se pou m motive epi pou m fini avèk sa aprè sa pou m antre sou mache travay la ou du moins, pou m fe d'autres etudes avancées. Men par le fait que peyi lòk la te kontrenn pou m te avanse nan pèfòmans akademik mwen. Nan sans sa, sa te banm pwoblèm dans la mesure où mwayen ekonomik lan pa t tèlman efikas ke sa. M te oblije prete pou m te kapab achte des produits alimentaires, des produits de première nécessité pou m te ka mete lakay mwen pou m te ka reziste parapò avèk peyi lòk la paske pandan peryòd peyi lòk la pwodwi yo te pi chè. Kidonk, pouvwa dacha m te enferyè parapò ak lòt moman yo. Se nan sans sa m te ka di peyi lòk la se yon kochma li ye pou mwen. Se yon sequelles dans la mesure ou li te pèmèt mwen pa t ka avanse avèk etid mwen.

Konpreyansyon m de evènman peyi lòk la, komsi parapò avèk movèz gouvènans, yon gouvènans mwen gen dwa di ki antache avèk koripsyon popilasyon an li menm li te te pran lari pou l te kapab denonse jan gouvènans peyi a ye. Anplis tou objektif premye peyi lòk la se te voye prezidan an alepòk lan Jovenel Moise ale ki pa t reyisi. Men sof ke, pou mwen menm, se pa t tout pèp la ki te enskri l nan demache sa paske tou dabò mwen wè li te gen yon manipilasyon ladan l tou. M gen dwa di gwoup la ki te enskri l nan demach la li pa t tèlman majoritè. Setadi ke yo te egzèse yon enfliyans represiv, setadi gen yon sòt de manipilasyon, m gen dwa di yon sòt de presyon ki t ap egzèse pou kontrenn moun yo pou yo te soti komsi si w pa soti parapò ak movèz akizasyon y ap pote sou ou kòmsi si w pa soti ou pa nan kan pèp la. Se nan sans sa mwen remake... se konpreyansyon m de peyi lòk la. Setadi ke se yon peyi lòk ki pa t tèlman gen yon diskou ki mache parapò ak peyi lòk la men tou senpleman li favorize yon franj nan opozisyon an.

2. XXVI

Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ?

Mwen te itilize plizyè mwayen. Tou dabò, mwen te itilize telefòn mwen, mwen pa gen radyo se sou telefòn mwen tande radyo.mwen te itilize telefòn, m ap tande radyo, m ap te tande plizye radyo tou. Konsa tou mwen te itilize telefòn entèlijan yo pou m te monte sou rezo sosyo.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

M te tande radyo Zénith dabò radyo Zénith nan epòk sa se yonn nan radio ki te gen plis oditè, te gen plis ekout nan moman an. E anplis tou parapò avèk ansanm de ressources humaines ke li te genyen nan moman an, setadi m ap pale de jounalis yo ki patou k ap pote des flash, k ap fe des scoop nan sousi kòmsi pou l di w ki kote pou w pase, kote pou w pa pase paske nan moman sa te gen anpil barikad. En majeur partie pèp la te renmen sa. Se pou rezon sa yo mwen te oblije tande radyo Zenith. Si tout fwa m ap pran lari, mwen te tande radyo Zenith pou m konnen ki kote ki pyeje ki kote ki pa pyeje. E anplis mwen te tande l nan moman an se paske plis entèvansyon yo se sou radyo Zenith yo te pase pou m te ka konnen kisa moun opozisyon yo ap deside.

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

Nan moman peyi lòk la pa t gen yon programasyon. Programasyon an pa t telman respekte. Pa egzanp lè maten mwen ka tande yon lòt radyo k ap bay plis lòt nouvèl. Mwen tande l bò 10h, a midi m ka tande yon lòt radyo ankò. An jeneral bò 8h-10h se nan le sa mesye chita tande yo m ap pale de mèt Morin avèk Jean-Baptiste mwen te konn tande nan maten, bò midi yo m gen dwa branche yon lòt radyo epi 8h aswè mwen retounen branche sou radyo Zénith. Mwen te konn tande l chak jou

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Jijman ke m genyen de radyo Zenith nan mouvman peyi lok la mwen we komsi se radyo Zénith ki te plis bò kote pèp la. Antre gimè, sètadi ke se Zénith ki rann peyi lòk la yon peyi lòk reyisi dans la mesure où gen plizyè diskou k ap fèt. Yo la kont pouvwa a paske nan moman sa opozisyon an te gen yon fòs e baz fòs sa se radyo Zenith, ou pa ka ekate l nan sans sa. Kidonk, jijman ke mwen fè, radyo zenith pèmèt mouvman peyi lòk la reyisi dans la mesure où se li

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la

propagande ? si oui, comment ?

XXVII

menm ki te plis ouvè a bay opozisyon an pale, tout moun ki te nan opozisyon an li menm yo te gen mikwo ouvè pou pale nan radyo Zénith swa yon entèvansyon vyolant ou du moins yon entèvansyon ki adousi. Pa t gen des non-dits, interdits sou radyo a. Nan sans sa, anplis de mouvman peyi lòk la, kòmsi te gen yon lèse ale o nivo radyo a ki te pèmèt ke yon ekip pou mwen ki pa t jwe yon rôle de socialisation, d'éducation paske parapò ak ansanm de diskou nan lidè opozisyon an pa egzanp nan lè y ap di barikad ou se avni w, tout sot de pwopo ki pata sipoze nan timoun k ap tande yo, li pa t fè omwen yon sot d'interdiction sou sa pou repete ak sa pou pa repete. Nan sans sa mwen wè jijman radyo zenith li te gen yon lèse ale. Anplis tou li te sèlman enskri l nan yon demach pou fè Jovenel ale men an tèm de fonksyon kòm radyo, mwen te wè, te gen yon ti dekalaj, te gen yon deplasman ki te fèt de la part de radyo a.

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays

lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

Wi li te gen efè paske tou dabò parapò ak fòs yon medya, m panse ke yon medya ap gen yon enfliyan sou yon popilasyon. Nan sans sa a, mwen wè si mouvman peyi lòk la se yon moun ki reyisi, bon reyisit la gen dwa relatif, pa rapo ak objektif mouvman an te genyen, mwen wè si mouvman an reyisi mwen we radyo Zénith te enplike bokou nan reyisit mouvman an. Et des le départ, se yon radyo ki te deja pran pozisyon l kont rejim lan e anplis tou, le fait que li te gen tan pran pozisyon l e anplis nan moman an se yon rejim ki te très décrié nan sans sa majorite moun se radyo Zénith yo te koute. E lefet ke se radyo Zénith yo te koute, Zénith a travè tip de diskou li, a travè tout diskou li t ap bay, nan sans sa tout sa radyo Zénith t ap bay se li ki vrè a. Nan sans sa a parapò ak jan yo emmagazine diskou radyo Zenith lan kidonk li gen yon efè ensitativ nan sousi pou l di w fè sa, fè sa e pèp la li ale aleksè parapò ak sa Zénith ap veyikile ak sa li p ap veyikile. Pa egzanp yo k ap di tèl kote lòk, lè w pase la ou gen dwa pase la nan moman an ou pa wè anyen lòk. Une fois que li di w lòk kòmsi li sa vin pèmèt ke ou pa ka sòti. Gen nan yo ki vrè gen nan yo ki pa vrè tou paske mwen menm mwen fè eksperyans lan. Nan sans sa a, li kontribye bokou nan reyisit peyi lòk la.

XXVIII

Pwopagann wi. Konsa m gen dwa di wi e non. M panse li te ale nan yon sans pwopagann. Omwen gen de jounalis nan radyo a ou wè k ap eseye resepekte yon objektivite nan transmisyon enfòmasyon y ap bay yo. Gen jounalis avan yo bay enfòmasyon yo eseye verifye

l, sa yo poko verifye yo pa difizel. Men konsa tou mwen te remake gen de lòt tou ki te manke de profesyonalism. Pa egzanp moun lan ka nan stidyo radyo a, li pa gen yon repòtè sou plas menm, tèl kote lòk. Nan sans sa mwen wè te gen yon pwopagann ladan tou e de plis, te gen yon seri emisyon sou radyo a ki te gen yon aspè de manipilasyon, de propagann tou, y ap akize lòt an jeneral ki pa vrè. Gen yon sorte de matraquage de l'information.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours du pays lock ? Comment ?

Wi, to ekout la te ogmante. Le fait que mwen menm mwen tande plizyè radyo sètadi ke mwen gen dwa sot tande radyo Zénith epi m pase sou yon lòt radyo epi se parapò avèk sa yon jounalis radyo Zénith bay epi lòt radyo gen tan fè releye l. Dayè m te gen dwa pran yon egzanp. Pa egzanp mwen raple m nan lè te gen yon chèf bandi ki t ap pale epi li te akize yon depite epi ki te di se li menm ki ba l kòb e mete zam nan men l epi lè w leve nan maten ou tande yon ansanm de moun ap pale de sa. Anplis tou parapò ak animasyon ki te gen nan radyo a tou. Te vrèman gen yon animasyon ki te atire moun yo. Pafwa lè w pase nan lari a ou tande yon mizik tankou « ya repare tout sa cheni yo te gate... ». Kòmsi ou tande yon seri chante tout timoun granmoun t ap chante tout kote w te pase. Se li menm ki te plis konsantre sou mouvman an paske lòt radyo yo respekte pwogramasyon yo, edisyon nouvèl, lòt pwogramasyon ou du moins emisyon d'analyse yo kòmsi pwogramasyon an toujou rete men nan radyo Zénith, kòmsi pa t gen train matinal, pa gen chita tande, pa gen chimen verite. Komsi tou senpleman gen yon rotation de personnel. Kòmsi moun ki nan train matinal fè yon fizyon avèk lòt animatè ki nan lòt emisyon nouvèl yo. Kidonk, pa t gen tèlman pwogramasyon nan moman peyi lòk la paske radyo Zenith li te sèlman nan lari a li ye menm.

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire ? si oui, comment ?

Li te provoke deba paske te gen anpil kontwovès sou radyo a. M te gen dwa di te gen 2 kan antagonik. Gen yon kan pouvwa, gen yon kan opozisyon. Kan pouvwa a yo toujou ap akize radyo Zénith se li menm k ap fè e defè. Kòmsi yo te vin konsidere l kòm radyo Milles Colines,

XXIX

komsi k ap patisipe nan fè manipilasyon, fe tout zak de kriminalite, komsi moun k ap touye moun. Yo te di radyo Zenith te enplike ladan l bokou dans la mesure où l ap difize de fausses informations. Men pou kan opozisyon an, se kòmsi pale de radyo Zenith mal se kòmsi gen yon hostilite kont pwòch pouvwa. Kòmsi te gen 2 kan antagonik, ou pa ka pale yonn lòt mal men hostilite de opozisyon an te ankò plis, li te plis fè santi l, li te gen plis pouvwa sou kan pou pouvwa a dans la mesure où nan moman sa se opozisyon an ki te plis popilè, pouvwa te decrié. Kidonk, moun ki te pro radyo Zénith yo te ostil anvè moun pouvwa yo paske yo te di se radyo pèp la, se li menm ki pote revandikasyon yo. Se nan sans sa m te gen dwa di yon kote li te fè byen, yon kote li te fè mal.

Présentation de l'enquêté 12

Sexe : F

Tranche d'âge : 20-25

Commune : Port-au-Prince

Département d'études : Communication sociale

Niveau : I

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous

vécu ?

Se jis yon gwoup nan opozisyon an ki te deside y ap bloke peyi an parapò avèk demand ke yo t ap fè gouvènman an . Yo te pale de peyi lòk nan sans ke tout bagay ap kanpe, pa gen anyen k ap fèt jskaske yo jwenn yon solisyon. Si m te jije, tankou yon sòt de simagri pwiske pa gen yon kenn repons ki te bay.

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ? Anfèt, rezo sosyo epi radyo.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ? Wi, 19-20 te ladan l tou.

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

XXX

Deba ? Wi. M pale de deba nan sans ke gen anpil moun ki t ap eseye kesyone tankou le moun yo vin konprann sa k ap fèt la, pa tout moun. Kelke moun ki konprann pozisyon moun yo,

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de

pays lock? Pourquoi ?

Alò, kisa m te konprann de radyo Zénith se parapò ak emisyon yo t ap bay yo. Se vre ke yo te konn mete w okouran de sa k ap pase men anpil fwa te kòmsi eksite popilasyon an tankou nan sans sa ka rive gen yon kote ki pa menm bloke menm, kòmsi lòt kote yo ap mache nòmalman epi le fait ke yo di tèl zòn bloke, y ap chofe epi sa konn vin rann ke lòt kote yo tou leve kanpe. Sa vle di nan sans sa, eske m te ka di radyo Zénith te yon konplis ? M pa vle fin di l konsa men wi an pati li te vrèman enplike l nan kesyon lòk lan. Anpil fwa yo te konn ap eksite popilasyon an pran lari. Kòmsi bagay la gen dwa senp senp, a la lejè epi yo tèlman peze sou li y ap montre w bagay yo tèlman grav. Kòmsi yo agrave sitiyasyon an. Yo montre w li pi grav ke jan l parèt lan

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

Wi, pizoumwen. M panse sa. Se vre ke yo t ap difize enfòmasyon men yo te kòmsi, alò jounalis yo, yo te montre pati yo, parapò ak pozisyon yo te montre sa fè gen anpil moun ki t ap swiv yo, ki t ap mache ansanm avèk yo. M panse kan menm yo te gen enpak.

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

Propagann. Anfèt, se parapò avèk jan diskou yo te fòmile kòmsi pafwa yo bay enpresyon yo pa vrèman konn sa y ap fè a

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours du pays lock ? Comment ?

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire ? si oui, comment ?

XXXI

pafwa se manti nan enfòmasyon y ap bay yo sèke moun yo oblije ap diskite sou sa. Nan sans sa mwen wè deba a. Se pa yon deba an swa, se yon remise en question.

Présentation de l'enquêté 13

Sexe : M

Tranche d'âge : 30-35 ans

Commune : Cité-Soleil

Département d'études : Communication sociale

Niveau : I

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous vécu ?

M te konprann li trè mòvè. M te konprann se yon zouti politik. Dayè, popilasyon an pozyab nan inosans li, nan inyorans li kite politisyen k ap mennen l epi itilize sa kòm yon zam malgre popilasyon an menm t ap soufri de sa. Gen moun se au jour le jour yo viv, yo manje yo bwè or moun lan fè nenpòt 2-3 mwa chita lakay li, li pa ka soti. E mwen m konn de fanmi ki soufri anpil de sa. M te wè l trè mal e m te panse se te yon move metòd politisyen yo te itilize pou te fòse prezidan a lepòk swa pou l te demisyone, yon bagay de ce genre.

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ?

Mwayen kominikasyon nou te itilize , nou te itilize telefòn. Telefòn se te sèl mwayen. Mwen menm tou, se yon aksyonè mwen ye, m pran lari kan menm, m mache ak pye.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

Anpil ! Anpil ! Men sa ki fè m te tande radyo Zenith an depi de tout grief m te ka gen kont li parapò ak fason li releye enfòmasyon yo. M tande l paske li sèl statsyon tou ki te parèt ponktyèl prèske nan tout zòn metropolitèn lan byen ke li ba w anpil ti manti men ou gen enpresyon Zénith te tout kote. Sa te pèmèt si w pral monte Delmas ou tande Zénith. Si gen yon sitiyasyon Delmas li ka enfome w. Maintenant, ou pral nan difikilte pou w verifye eske sa l di an totalman vrè men omwen a pati de Zénith ou gen yon ide de sa k ap pase Delmas, Croix-des-Bouquets, Centre-ville. Se te prensipal objektif ki fè m te tande l.

4.

XXXII

A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Mwen menm m panse premye bagay ki genyen, medya c'est la voix des sans voix paske se sa yo di. Medya, alò sitou metye jounalis lan, li la pou li non sèlman enfòme popilasyon an men li la tou pou li fome l nan yon sans. Ou gen enpresyon radyo Zénith nan enplikasyon li plis panche bagay la vers la violence. L ap inciter la population à la violence. L ap inciter la population a l'autodestruction. Se pi gro pwoblèm m gen avèk li. Kontrèman ak yon seri de radyo tankou le w ap pran yon radyo tankou Energie, Vision 2000. Ou plis wè gen yon ekilib ki fèt. Se vre li ka pa nan Jovenel la wi men tou li pa nan opozisyon an. Li menm li la pou l fè nouvèl, pou l bay nouvèl epi li fè analiz la sou tout desizyon yo popilasyon an li menm an fonksyon de analiz yo ya pran pozisyon men ou pa t jwenn ekilib sa nan Zenith. Ou plis we l panche vers opozisyon ki pa gen pwoblèm non men li parèt avek yon diskou vyolan. E se te move. M te estime an tan ke medya li pa t nan liy lan.

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

Wi, wi, wi ! Medya a, jeneralman, li jwe yon wòl manipilatè. Gen moun avan l soti, li tande radyo. Lè l tande radyo ap di kanpe dèyè barikad nou, tèl zòn bloke, tèl zòn bloke. M ap ba w yon egzanp. Mwen abite Sarthe. Drouillard pa gen anyen men radyo Zenith di w laplèn bloke, tout zòn bloke soti kafou vincent rive Drouillard. Mwen menm nan tanperaman m mwen pran lari men gen moun ki p ap pran lari. Mwen konn ap soti gen moun lakay mwen ki di m non ou pa tande radio Zenith di w kawoutchou ap boule. Lè w rive deyò Drouillard ou pa jwenn kawoutchou bloke. Ou jwenn li vid, tout moun pè, zòn lan yon ti jan vid men w pa wè kawoutchou. Bò la couronne gen yon fatra k ap boule, radio Zenith di men dife gen tan pran la. Yo gen tan met dife devan la couronne. Lè w pase devan la couronne se yon fatra ou wè k ap boule. Donk, yo itilize nenpòt ti bagay pou fè sansasyon. Sa te vin pèmèt moun te yon ti jan pè pran lari. Lari a te vin vid ki vin aji sou kesyon peyi lòk la moun pa pran lari paske fason radyo Zenith li menm li t ap releye sa k ap pase nan zòn yo.

7. XXXIII

La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la
propagande ? si oui, comment ?

Wi, politikman se te propagann yo t ap fè pou opozisyon kont rejim an plas la.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours
du pays lock ? Comment ?

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire
? si oui, comment ?

Wi, paske mwen menm bo lakay mwen nou te toujou nan diskisyon sa, neg ki peut-etre pa lese yo manipile pa sa radyo Zenith ap di toujou vle pran pozisyon radikal e vyolan parapo ak rejim lan e te toujou gen deba. Mwen menm spesyalman parapo ak rekil m ka pran e m konn fe ekilib. Mwen m gen ora a preske tout klas politik ki la ke l pouvwa an plas, ke l opozisyon men gen gwoup neg yo menm yo estime opozisyon an t ap byen frape se rejim an plas la ki pa t bon. Sa te toujou kreye deba e yo pa t janm ka rive konprann se auto-description li te ye. Donk, se te sa, li te provoke anpil deba. Gen neg ki menm nan kont avek ou defwa, ap rele w tet kale. Men gen defwa tou ou jwenn gen neg ki gen diskou vyolan. Sitou yo te gen yon grief kont lapolis a lepok paske neg yo estime, radio Zenith menm vle fe konprann, CIMO ap bay gaz le manifestasyon. Se CIMO, UDMO ki anpeche manifestan manifeste. Neg yo gen kagoul pou n boule machin. Te gen tip diskou sa yo. Gen neg ki te manipile pa sa. M te menm gade nan tele gen yon neg, te gen yon polisye ki pran yon kout woch epi neg la kanpe li di se mwen ki balk out woch la wi. San neg la pa ran li kont li ekspoze tet li, li menm. Men podyab, kiyes ki ote manipilasyon sa ? Se radyo Zenith wi.

Présentation de l'enquêté 14

Sexe : M

Tranche d'âge : 30-35

Commune : Croix-des-Bouquets

Département d'études : Communication Sociale

Niveau : I

1.

XXXIV

Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous vécu ?

Mwen jis konprann ke Jovenel te sou pouvwa a, mesye opozisyon yo t ap cheche des moyens ou anko yo t ap jwe des cartes pou yo afebli prezidan an. Et a ce moment la, yo te itilize mod de revandikasyon sa sitou yo pral jwe sou mize pep la, yo jwe sous sitiyasyon kawotik ke peyi a ladan l lan. Nou pa pral diJovenel te pour rien nan sa menm tres sur que Jovenel kom prezidan de la Republique li te dwe mete des dispositions pou anpeche pep la li trouve l nan sitiyasyon ke li a. Mesye yo pwofite de sitiyasyon pep la kounya pou yo afebli Jovenel sur le plan politique. Alo, m panse ke se sa m konprann de peyi lok la. Yo pemet se menm pep la anko, bon banm pa di menm pep la anko, sa paret un petit peu trop general pou m di se pep men pito yo itilize yon franj nan pep la ki pou ta mennen konba sa kont prezidan an.

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ?

Non selman pa radyo men tou mwen te konn soti anpil tou. Se a moto mwen te konn sikile mwen menm. Sitou se pa radyo.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

M pa kwe gen yon moun nan kip a t konn tande l. Byen ke se pa mwen ki branche li lakay mwen men moun lakay mwen konn banche l sitou papa m. Depi w ap pase tou, w ap mache w ap tande l kan menm paske anpil moun te branche l nan moman an

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Pou kesyon sa, mwen te we radyo Zenith kom yon radyo politikman enplike paske dapre mwen menm travay ki t ap fet la li pa t yon travay jounalistik men pito yon travay politik paske mwen menm pesonelman mwen te nan kafou Marasa epi te gen lapolis ki te vin debare kafou Marasa e le sa mwen sonje met Morin te gen yon emisyon sou radyo a kote ke menm moun ki andan radyo a sou plas yo menm k ap di mesye yo, mesye yo kafou Marasa te enplike avek zam, yo menm k ap di mesye yo men ki pozisyon polisye yo. Alo m panse ke radyo Zenith li te jwe

Anpil ! anpil deba paske menm nan lajenès kote m ye, nan moman peyi lòk la nou te gen deba , nou te genyen anpil sijè ki te pòte sou enplikasyon Zénith menm nan blokaj peyi a. Paske

XXXV

yon wol tre tre enpotan nan peyi lok la. Dapre jijman pa m, li pa t sanble ditou ak travay yon medya mwen pito we yon radyo ki gen enp likasyon politik ladan l

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays

lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

Oh wi, kareman. Dapre sa m sot di w la, m panse ke sa déjà yon prev ke yo menm yo gen yon efe key o fe sou li. E déjà menm radyo Zenith konn ap mande moun yo pou y opa soti deye barikad yo. Rete deye barikad nou, siveye barikad nou, pa kite moun manyen barikad nou. Tout sa yo m panse ke se te yon sot de mobilizasyon. Y ap mobilize moun yo, y ap fikse moun yo sou travay ke y ap fe a

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

Wi, kareman wi. Bon, dapre sa mwen sot eksplike w la sou mod operatwa ke li t ap mennen nan kafou Marasa menm, mwen menm mwen te a moto m ap tande radyo a paske tout moun te konn branche li , tout kote w pase gwo son, ou tande mou nap tande radyo Zenith epi repote radyo a menm ki sou plas l ap di men ki kote polisye y oye pouke mesye ki t ap jere barikad yo k apab, le sa te gen tire ant lapolis ak mesye ki t ap jere barikad yo. La tout sa yo se kan byen menm montre ke radyo Zenith te enplike avek des informations pou y ap fe pwopagann epi peyi lok la li menm pou l te kapab dire anko plis.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours du pays lock ? Comment ?

Oh, anpil, anpil, anpil ! Ni moun kip a vle tande l, tande l ni moun ki te sou tande l. O kontre, yo te gen anpil disip moman sa. Anpil, anpil moun te kwe sitou moun kip a gen yon refleksyon pouse yo, granmoun yo sitou kwe anpil nan radyo Zenith yo.

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire ? si oui, comment ?

XXXV'

kote m ye nan Kwadèboukè a li te andan. Legliz lan te toujou fonksyone, aktivite yo te toujou fonksyone. Nou te genyen anpil pale anpil ki te fèt sou sa

Présentation de l'enquêté 15

Sexe : M

Tranche d'âge : 20-25 ans

Commune : Gressier

Département d'études : Communication Sociale

Niveau : I

1. Comment comprenez-vous le phénomène de pays lock ? Comment l'avez-vous vécu ?

Bon, mwen kòman m te konprann li se te jis yon mouvman menm jan ak tout lòt mouvman ki t ap fèt kont prezidan Jovenel yo. Donc, des que ou nan yon batay politik kapab gen de mouvman parfois inédit k ap toujou pran. Se te yon mouvman ki te antre nan kontèks sa yo. Pou mwen, se te senpleman sa.

2. Par quel moyen vous vous êtes informés durant la période de pays lock ? Radyo ak rezo sosyo, bien entendu.

3. Aviez-vous écouté la radio Zénith ? Pourquoi ?

4. A quelle fréquence écoutiez-vous la radio Zénith ?

5. Quel est votre jugement de l'implication de la radio Zénith dans le phénomène de pays lock? Pourquoi ?

Mwen menm m ka di ke déjà m pa t wè l de très bon oeil, rezon an se paske m te trouve antanke radyo yo te sipoze plis nan travay ekilib. Se kòmsi nan moman an m te trouve ke Zénith te yon koulwa anfèt pouke yon gwoup de moun, se pa kòmsi yon medya k ap chèche laverite, k ap cheche ekilib, k ap chèche le juste milieu nan enterè pèp la men se jis yon koulwa kote yon gwoup de moun ap fè pase pozisyon yo, ap fè pase enterè pèsonèl yo ki se yon batay politik. Se sa mwen menm mwen konprann.

XXXVII

6. Pensez-vous que la façon dont la Radio Zénith s'est-elle impliquée dans le pays

lock a eu des effets sur le mouvement ? Quels sont ces effets, d'après vous ? Si non, pourquoi?

Euh, oui, m panse sa paske mwen pèsonèlman arive yon lè m te di moun lakay mwen fèmen radyo Zénith paske mwen gen enpresyon sa k ap di nan radyo a anfèt, sa k ap alimante sèvo moun yo avèk sa ki nan lari a yo pa toujou mache ansanm. Gen tout yon machinasyon k ap fèt, a pati de sa k ap di nan radyo yo kidonk ki bay mouvman an, premyèman : dèfwa bay mouvman an yon anplè ke l pa genyen e dèfwa kontribye a bay mouvman an yon anplè ke l pa t ap genyen.

7. La radio Zénith a-t-elle diffusé des contenus politiquement orientés ou liés à la propagande ? si oui, comment ?

Wi, klè ! M te di l déjà, se pa yon travay de yon medya k ap chèche le juste milieu, k ap chèche tabli laverite. Se jis yon gwoup de moun k ap fè enterè pèsonèl yo pase. Donk Ou gen enpresyon sèl sa k fè ou ka pale de yon radyo paske y ap emettre sou band FM lan men regle déontologique du journalisme etc, bagay sa yo te totalman absan pou mwen.

8. Croyez-vous que le taux d'écoute de la radio Zénith a-t-il été augmenté au cours du pays lock ? Comment ?

Euh, fortement ! Mwen m te toujou konn soti malgre peyi a te lòk, se kòmsi ou p ap pase 3 kay san w pa tande radyo Zénith. Non sèlman, vin gen plis fanmi k ap tande radyo, sa se déjà yon premye bagay volim radyo m te konn wè k limen m pa t janm wè k limen avan sa e aprè mouvman an m pa janm wè l ankò. Sa se konsta pa m. Non sèlman ou vin gen plis fanmi k ap tande radyo men ou gen enpresyon tou se yon sèl radyo y ap tande, se radyo Zenith.

9. Les contenus diffusés par la radio avaient-ils provoqué de débat au sein de l'auditoire? si oui, comment ?

Euh, bon wi men se te sitou à la fin. Le ke mouvman an pral fini, konsta pa m, se kòmsi m te remake moun yo te kòmanse gen yon raz-le-bol parapò avèk mouvman an ki dire twò lontan pour des résultats ki vrèman mitije e ki an aprè te vin ap kritike pwogram Zénith yo pou di ke se yo menm k ap alimante bagay sa. Gen moun ki di sa y ap fè a se nòmal, gen moun ki kont ki di se Zenith ki koz opozisyon an fè tout sa yo fè yo.

précédent sommaire






Bitcoin is a swarm of cyber hornets serving the goddess of wisdom, feeding on the fire of truth, exponentially growing ever smarter, faster, and stronger behind a wall of encrypted energy








"Tu supportes des injustices; Consoles-toi, le vrai malheur est d'en faire"   Démocrite