WOW !! MUCH LOVE ! SO WORLD PEACE !
Fond bitcoin pour l'amélioration du site: 1memzGeKS7CB3ECNkzSn2qHwxU6NZoJ8o
  Dogecoin (tips/pourboires): DCLoo9Dd4qECqpMLurdgGnaoqbftj16Nvp


Home | Publier un mémoire | Une page au hasard

 > 

Identification des enjeux de la littoralisation liés à  l'environnement marin au niveau de la commune de Cité Soleil, Haiti


par Almando Kessy MORAIN
Université Caraïbe (UC) - Agronomie/Ressources Naturelles 2016
  

précédent sommaire suivant

REZIME

Depi kèk tan, devlopman nan bò lanmè se yon fenomèn ki pran anpil dimansyon toupatou sou planèt la. Se pwosesis migrasyon kote popilasyon yo deplase pou al abite nan rejyon ki tou prè lanmè a. Se kwasans popilasyon yo, globalizasyon, aktivite touris, ak anpil lòt ankò ki lakòz sa. Malerezman, nou wè fenomèn sa a tou nan peyi Dayiti sitou nan anpil gwo vil yo. Youn nan ka ki pi klè nan devlopman bò lanmè nan peyi a se komin Site Solèy ki okipe avèk yon popilasyon ki pòv anpil e ki pa pèdi tan pou te antreprann plizyè aktivite ki kapab enfliyanse milye maren an. Nan lide pou nou analize enpak aktivite sa yo, etid sa a vize idantifye defi devlopman bò lanmè ka bay sou bon jan fonksyonman ekosystèm maren an nan komin Site Solèy. Travay sa a fèt sou 30 kay, 50 pechè ak 15 echantiyon dlo lanmè kite analize nan laboratwa. Pou nou etidye nòmalite paramèt yo, nou fè yon tès estatistik Shapiro. Aprè sa, plizyè etid korelasyon ak analiz regresyon lineyè te fèt pou wè relasyon ki genyen ant mikwòb yo ak paramèt fizikochimik dlo a epi presize sans varyasyon yo tou. Anplis de sa yo, yon tès estatistik Ki-2 endepandans (÷2) te fèt pou nou te ka wè si polisyon bakteri yo depann de zòn nan. Rezilta etid la montre popilasyon komin Site Solèy la jèn anpil epi li pa jwenn bon jan edikasyon. Anpil nan yo se moun ki vin rete men ki pa fèt nan komin nan. Yo fè anpil pitit, epi yo abite prèske youn sou lòt nan plizyè kay ki mal konstwi, kote 53.34 % ladan yo gen yon sèl pyès epi 80% pa gen latrin. Nan zòn nan, moun yo pratike lapèch anpil. Pechè yo konn pase menm katòzèdtan sou lanmè a lè yo soti al peche. Sepandan, ekipman ak teknik yo pratike yo tèlman akayik yo pa vrèman ka diminye kantité resous ki disponib nan lanmè a byenke gen kèk pwason yo peche anpil, tankou pwason ajante ak vivano (Lutjanus sp) epi balbaren (Pseudupneus maculate). An menm tan, move jesyon fatra (matyè fekal, materyèl pèch ki ize, elatriye) reprezante gwo dange pou biyodivèsite lanmè a. Yon bò, bèt kap viv nan lanmè yo vale fatra sa yo oubyen tou sibi pèch fantom. Yon lòt bò, gen modifikasyon kèk paramèt fizik ak chimik nan lanmè a, tankou fosfat ak azòt amonyakal ki gen yon konsantrasyon ki 25 ak 9 fwa pi wo pase janl ta dwe ye. Gen tou prezans bakteri tankou kolifòm total, Echerichya koli ak estreptokòk fekal. Kidonk, prezans popilasyon an bò lanmè a reprezante yon gwo danje pou bon fonksyonman ekosistèm maren an. Poutèt sa, fok yo fè yon plan le yap bati vil bò lanmè ki gen ladanl tout sa ki ka deranje environman an epi kisa yap fè pou diminye yo.

MO KLE: Devlopman bo lanmè, Bò lanmè, Migrasyon, Ekosytèm,Polisyon, Biodivèsite.

précédent sommaire suivant